NAN BLOOMFIELD, N.J., GENYEN ON KABINÈ AVOKA AYISYEN KI AP OFRI OU TOUT KALITE SÈVIS
Kabinè Avoka Landry Belizaire se yon kabinè ayisyen ki byen plase nan zòn Bloomfield, New Jersey.
Nou espesyalize nan tout kalite dosye: dosye divos, dosye pwoblèm nan fanmi, dosye kriminèl, dosye kontravansyon machin, dosye diskisyon ak moun osnon biznis, dosye imigrasyon, natiralizasyon osnon dwaentènasyonal.
NOU GEN PRENSIP
Lè ou nan ka, ou bezwen yon avoka ki pou defann ou kòmsadwa. Nou menm, avoka nan Kabinè Landry Belizaire, nou pwomèt ou n ap mete enterè ou devan tout lòt bagay, epi n ap sèvi ak tout esperyans nou genyen nan metye a pou nou plede kòz ou ak pasyon.
Pou nou menm, rapò yon avoka ak kliyan li se on bagay sakre; rapò sa a chita sou kat gwo prensip: konpreyansyon, konfyans, devwa, asirans. Se manman prensip sa yo ki sèvi fondasyon kabinè nou an.
KABINÈ NOU AN AK KLIYAN NOU YO
Depi nou koumanse fonksyone, nou te toujou gen kliyan ni Nouyòk ni Noujèze, de zòn ki chaje moun ki soti toupatou sou latè. Pami kliyan nou yo, gen biznis, gen moun.Malgre kabinè nou an se Bloumfil li ye, nou gen otorizasyon pou nou prezante ka, pou nou plede kòz nan tout gwo tribinal federal kou tribinal leta Nouyòk ak leta Noujèze.
Mèt Landry Belizaire, lidè ekip avoka nan kabinè a, se on pitit tè peyi d Ayiti, ki pale kreyòl li fen e byen. Li te fè estaj li kòm avoka nan Koudapèl Noujèze, kote li ranmase on bann esperyans.
Objektif nou nan Kabinè Mèt Landry Belizaire se pou nou konsantre nou sou chak dosye, avèk bon jan serye, avèk respè pou kliyan nou yo, on jan pou nou kapab pote bon rezilta, kèlkelanswa kote kliyan an soti, kèlkelanswa mwayen l genyen, kèlkelanswa koulè l, kèlkelanswa relijyon li.
Objektif nou nan Kabinè Mèt Landry Belizaire se pou nou konsantre nou sou chak dosye, avèk bon jan serye, avèk respè pou kliyan nou yo, on jan pou nou kapab pote bon rezilta, kèlkelanswa kote kliyan an soti, kèlkelanswa mwayen l genyen, kèlkelanswa koulè l, kèlkelanswa relijyon li.
Avoka nou yo disponib 24 sou 24, pa telefòn osnon kourye elektwonik.
Kontakte nou tousuit nan 973-748-0808 osnon nan info@belizairelaw.com.


