Kalite Dosye

family pic Pou tout pwoblèm ki gen rapò ak fanmi an, espesyalis lwa sou fanmi nan Kabinè Landry Belizaire kapab ede nou jwenn on solisyon ki an favè fanmi an. Nou gen anpil esperyans nan tout domèn lwa sou fanmi:
  • Kontra Maryaj
  • Tout Kalite Divòs
  • Diskisyon Sou Timoun
  • Adopsyon
  • Tout Kalite Divòs
  • Sipò Pou Timoun
  • Vyolans Sou Manm Fanmi
  • Testaman
Depi gen nenpòt pwoblèm ki konsène fanmi an, kontakte Kabinè Avoka Landry Belizaire nan Bloomfield, NJ
nan 973-748-0808 osnon nan info@belizairelaw.com.

 

family pic Kabinè Avoka Landry Belizaire chaje esperyans nan dosye tribinal sivil. Men kèk nan ka nou okipe yo:
  • moun ki pran chòk
  • diskisyon nan kontra
  • pwoblèm ant lokatè ak mèt kay
  • diskisyon nan biznis
  • diskriminasyon nan travay
  • State and Federal Courts (New Jersey and New York)


Depi ou bezwen on bon avoka pou youn nan ka sa yo, kontakte Kabinè Avoka Landry Belizaire nan 973-748-0808 osnon nan info@belizairelaw.com
criminal pic Kabinè Avoka Landry Belizaire okipe tout kalite ka kriminèl, soti nan eskandal piblik rive nan krim toutbon. Depi moman arestasyon an nou la ak kliyan nou jiskaske jijman fèt.

Nou konnen enpòtans libète e nou kwè lè yo akize on moun, li inosan, tout tan tribinal pa deklare li koupab. Se sa k fè nou goumen pou nou fè respekte libète kliyan nou.

Nou toujou travay ak kliyan nou pou nou prepare bon jan defans solid pou nou ka jwenn bon rezilta.

Depi ou bezwen on bon avoka pou youn nan ka sa yo, kontakte Kabinè Avoka Landry Belizaire nan 973-748-0808 osnon nan info@belizairelaw.com
traffic tickets pic Nou chaje esperyans nan ka tribinal de pè ak tout kalite kakontravansyon machin (kondi machin lè ou sou, kondi mal, sove apre aksidan, eksè vitès, kondi san lisans, pwoblèm enspeksyon machin…)

Si ou pran on kontravasyon osnon on moun rele ou nan tribinal de pè, kontakte nou nan 973-748-0808 osnon nan info@belizairelaw.com.
immigration pic Nan seksyon imigrasyon Kabinè Avoka Landry Belizaire, nou okipe tout kalite dosye:
  • depòtasyon
  • azil politik
  • grinkat
  • natiralizasyon
  • aplikasyon pou fanmi
  • lwa imigrasyon
Kontakte nou tousuit nan 973-748-0808 osnon nan info@belizairelaw.com.